TRIBINAL IMIGRASYON

Aprann sou tribinal imigrasyon. Jwenn mwayen pou ou fè si ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon epi ou pa genyen avoka.


KI JAN POU MWEN FÈ KONNEN SI MWEN GENYEN YON DOSYE NAN TRIBINAL IMIGRASYON?

Si ou te antre Etazini san viza epi yon otorite imigrasyon te rete ou epi li te ba ou papye, li posib pou ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon. Si ou resevwa yon Avi Konparisyon (Notice to Appear,NTA) oswa yon Order of Release on Recognizance (yon lòd pou yo mete ou an libète san ou pa oblije peye kosyon), li posib pou ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon. Sa yo se jis pou egzanp. genyen anpil fason moun rive genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon.

Videyo sa eksplike pwosesis pou dosye yo nan tribinal imigrasyon.


KI JAN POU MWEN JWENN ENFÒMASYON SOU DOSYE MWEN KI NAN TRIBINAL IMIGRASYON?

Si ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon, ou ka jwenn dat pwochèn apèl ou ak lòt enfòmasyon lè ou rele sou liy dirèk tribinal imigrasyon an oubyen si ou tcheke sou sit enfòmasyon dosye tribinal imigrasyon yo. Anba la gen enstriksyon sou ki jan pou ou fè pou ou jwenn enfòmasyon sa.


Mwen fèk chanje adrès. Kisa mwen ap genyen pou mwen fè?

Paske Gouvènman Etazini an pral voye nouvèl enpòtan ba ou pa lapòs, fòk ou si USCIS ak/oubyen tribinal imigrasyon an konnen adrès postal aktyèl ou a. Li pa ase pou ou al chanje adrès ou a nan biwo lapòs la sèlman!

Aprann ki jan pou ou chanje adrès ou a.


KI JAN POU MWEN FÈ POU MWEN CHANJE TRIBINAL MWEN AN POU TRIBINAL IMIGRASYON LOWELL?

Si ou ap viv Maine, tribinal imigrasyon ki pi pre a se tribinal imigrasyon Lowell. Si ou vle chanje tribinal ou a pou tribinal imigrasyon Lowell, ou ap bezwen ranpli yon demann pou chanje lokal. Chanje adrès pa p chanje tribinal ou a otomatikman. 

ILAP ka ede ou chanje tribinal ou a pou tribinal imigrasyon Lowell.

Si ou paka vini nan biwo Portland nou an, ou ka fè yon demann randevou avèk ILAP pou yo ka ede ou chanje tribinal ou.


KISA KI PRAL PASE NAN PREMYE ODISYON MWEN AN NAN TRIBINAL IMIGRASYON?

Si ou prale nan premye odisyon ou nan tribinal imigrasyon epi ou pa genyen avoka, fòk ou prepare w. Anba la se enfòmasyon sou sa pou ou atann ou nan premye odisyon ou an avèk enstriksyon pou moun ki prale nan tribinal imigrasyon Boston pou premye fwa.

Videyo renouvle: Janvye 2021


KI JAN POU MWEN VOYE APLIKASYON MWEN AN BAY TRIBINAL IMIGRASYON?

Si ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon, ou ap oblije voye aplikasyon azil ou an nan tribinal imigrasyon ou an.

Anba la se eksplikasyon sou jan pou ou voye aplikasyon azil ou a si ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon


Kiyès ki ka ede m nan tribinal imigrasyon nan boston?

CATHOLIC CHARITIES OF BOSTON - IMMIGRATION COURT HELPDESK

The Immigration Court Helpdesk (ICH) provides:

  • Free assistance and legal information to unrepresented respondents in removal proceedings at the Boston Immigration Court.

  • Free Information on court practices, procedures, and general information about options related to relief and protection from removal, and other relevant resources.

ichadmin@ccab.org

617-464-8000

Dènye mete ajou: Me 2022


KI JAN MWEN KA PWOTEJE TÈT MWEN KONT FWÒDIMIGRASYON?

Fè anpil atansyon lè ou ap chèche èd ak dosye imigrasyon ou a! Fè atansyon ak moun nan Maine ki ap eseye twonpe ou nan fè komsi yo ka ede ou avèk dosye imigrasyon. Moun sa yo ka vòlè lajan ou epi gate dosye imigrasyon ou an.

Pi bon mwayen pou ou pwoteje tèt ou se chèche genyen enfòmasyon sou sa moun sa yo ap fè epi fè atansyon ak moun ou ap pèmèt ede ou avèk dosye imigrasyon ou.


Se avoka ak tout reprezantan akredite ki te devlope resous ILAP nan paj sila, men yo pa ranplase konsèy jiridik.



EDE NOU AMELYORE!