PRAN YON RANDEVOU AVEK ILAP

Aprann ki jan pou ou pran yon randevou avèk ILAP epi ki pwoblèm imigrasyon ILAP ka ede w jere.


KI JAN POU MWEN PRAN YON RANDEVOU AVEK ILAP?

 
 

 
 
 
 

Konpoze (207) 780-1593, tann anons lan, peze 0 (zewo), apresa peze 0 ankò, epi pale pou w anregistre yon mesaj.

Nan mesaj ou, founi nonm konplè w, yon mwayen pou nou kontakte w, epi yon deskripsyon brèf sou pwoblèm legal ou.

Nou rekòmanse planifye randevou chak kòmansman mwa epi nou kontinye aksepte demann chak mwa pou jiskaske nou pa ka pran randevou pou mwa a ankò.

Pran nòt: ILAP vle konekte migran nan Maine avèk sipò jiridik ki posib. Nou se yon ti òganizasyon ki resevwa anpil nouvo demann chak semèn e nou pa gen mwayen pou nou ede tout moun. Disponiblite randevou yo ak lòt kalite ka nou aksepte yo kapab diferan selon chanjman ki fèt nan lwa yo ak politik imigrasyon an, kantite travay ki genyen pou moun k ap travay nan sèvis jiridik la epi kantite moun k ap mande èd.

Anba sa a, w ap jwenn lyen k ap mennen w nan resous jiridik ki itil.

Mèsi pou pasyans ou ak bon konprann ou!


KILÈ MWEN KA RANKONTRE AK ILAP POU JWENN REPONS POU YON KESYON RAPID SOU IMIGRASYON?

Vini nan biwo ILAP nan Portland jedi 23 me ant 10:00-12:00 nan 489 Congress Street 3yèm etaj, Portland, ME 04101

OSWA

Vin rankontre ak ILAP nan Lewiston Adult Education jedi 16 me ant 1:00-2:30 nan 145 Birch Street, Lewiston, ME 04240 (bò gòch nan bilding)


Èske mwen ranpli kondisyon pou sèvis ILAP yo?

ILAP bay asistans sèlman pou kesyon jiridik ki gen rapò ak imigrasyon. Sèvis nou gratis oswa yo pa koute anpil lajan. Nou sipòte sèlman rezidan Maine ki pa gen mwayen pou peye yon avoka. Y ap poze w kesyon sou kantite kòb moun lakay ou ap fè pou ka mande yon randevou.

Si w ap chèche yon èd imigrasyon men ou panse ou depase règleman nou nan kantite kòb w ap antre ou ka kontakte nou nan info@ilapmaine.org oswa rele nou nan 207-780-1593 epi n kapab ba w yon lis referans avoka prive imigrasyon nan Maine.

ILAP ka sèvi s èlman moun k ap viv nan Maine. Si ou abite nan yon lòt eta, konsilte Kontakte lòt òganizasyon pou konn kote sèvis yo ye nan rejyon pa w la.


Ki kalite dosye imigrasyon ILAP ka bay èd li?

Kounye a ILAP la aksepte demann pou randevou pou kèk ka imigrasyon pou imigran k ap viv nan Maine epi ki pa gen mwayen pou peye yon avoka. Petèt nou kapab ede w si :

JÈN KI GEN MWENS PASE 21 AN KI OZETAZINI

  • Ou gen mwens pase 21 an EPI toulède paran w yo pa ba w sipò Ozetani

VIKTIM/ MOUN KI SOVE ANBA VYOLANS

  • Ou pa gen estati migran pèmanan EPI ou sibi oswa ou te siviv aprè vyolans lakay ou, trafik moun, oswa w te sibi yon lòt krim grav ki te fèt Ozetazini

  • Ou te sibi oswa ou te siviv aprè vyolans nan men moun ou marye avè l la ki se yon sitwayen Etazini oswa ki gen rezidans

TRIBINAL IMIGRASYON

  • Fòk ou relouvri dosye w devan tribinal imigrasyon an

  • Fòk ou pote dosye w la devan Tribinal Imigrasyon Lowell an

  • Ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon EPI ou panse ou ranpli kondisyon pou yo anile ranvwa a oswa Nicaraguan Adjustment and Central American Relief Act (NACARA) a

  • Anplis, ILAP kapab pwograme yon kantite konsiltasyon limite pou moun k ap mande azil yo ki gen dosye devan Tribinal imigrasyon an. Pou detèmine si nou ka ede w, fòk moun k ap travay nan ILAP yo poze w kèk kesyon sou pwochen dat limit pou depoze dosye w ak dat odyans

PÈMI TRAVAY

  • Ou sou Òdonans Siveyans EPI ou dwe mande oswa renouvle yon pèmi travay

  • Ou jwenn yon Sispansyon Ranvwa EPI ou dwe mande pou renouvle yon pèmi travay

  • Ou genyen DACA oswa TPS EPI w ap bezwen pou aplike pou renouvle pèmi travay ou

  • Ou se yon moun ki soti nan youn nan peyi sa yo ki nan Etazini sou kondisyon:

    • Ikrèn

    • Venezyela

    • Kiba

    • Ayiti

    • Nikaragwa

Klike sou lyen sa pou plis enfòmasyon sou pèmi travay pou moun ki fè demann azil.

KAT REZIDANS (REZIDANS PÈMANAN)

  • Ou gen yon viza U oswa T depi 3 zan EPI ou bezwen mande yon kat rezidans

  • Ou se refijye EPI ou swete mande yon kat rezidans pandan ou t ap viv Ozetazini pandan yon ane oswa plis

  • Ou te jwenn azil depi omwen yon ane EPI ou vle mande yon kat rezidans

  • Ou ap bezwen renouvle oswa ranplase kat rezidans ou

  • Ou gen yon rezidans 2 zan epi ou vle mande pou yo retire kondisyon yo pou w ka resevwa yon kat rezidans 10 zan EPI yo te maltrete w oswa ou te divòse ak konjwen w lan

MANDE POU FANMI LAN

  • Ou fenk jwenn azil EPI ou vle mande pou mari/madanm w oswa pitit ou an ki gen mwens pase 21 an vin jwenn ou Ozetazini

  • Ou fenk rantre kòm refijye EPI ou vle mande pou mari/madanm w oswa pitit ou an ki gen mwens pase 21 an vin jwenn ou Ozetazini

  • Madanm/mari ou ak pitit ou ki pi piti pase 21 lane soti nan youn nan peyi sa yo epi ou bezwen aplike pou yo ka vin jwenn ou Etazini:

    • Ikrèn

    • Venezyela

    • Kiba

    • Ayiti

    • Nikaragwa

NASYONALITE ETAZINI

  • Ou dwe mande yon sètifika sitwayente paske ou vin sitwayen Etazini gras ak paran w

AZIL

  • Ou vle aplike pou azil EPI ou pa genyen dosye nan tribinal imigrasyon EPI delè pou depoze dosye w la se nan 5 a 12 mwa apati kounya a

  • Anplis, ILAP kapab pwograme yon kantite konsiltasyon limite pou moun k ap mande azil yo ki annafè ak Tribinal Imigrasyon an. Pou nou detèmine si nou ka ede w, moun k ap travay nan ILAP dwe poze w kèk kesyon sou pwochen dat limit pou depoze dosye w ak dat odyans

ESTATI PWOTEJE TANPORÈ (TPS)

AKSYON RANVWAYE POU TIMOUN KI RIVE (DACA)

  • Ou vle mande oswa renouvle demann DACA (Aksyon Ranvwaye pou Timoun ki Rive)

LÒT

  • Ou pa gen estati pèmanan Ozetazini epi ou ta renmen konnen si gen mwayen pou w rete Ozetazini pandan lontan

  • Ou resevwa yon demann prèv anplis sou yon ka ILAP te ede w sou li EPI ou gen omwen 30 jou pou reponn

  • Ou vle konprann konsekans pase kriminèl ou sou estati migran w


E si m pa pale anglè?

LAP ofri yon entèpretasyon pou tout apèl telefonik oswa an liy (Skype, Zoom, Whatsapp, elatriye.) Si ou pa pale anglè, fransè, pòtigè, lingala oswa panyòl, ou ka rele nou pou yon randevou nan 207-780-1593, peze 0, apresa peze 0 ankò, epi kite yon mesaj nan lang ou pale a epi nimewo telefòn ou epi n ap rele w aprè ak yon entèprèt. Ou ka voye yon imèl nan info@ilapmaine.org.


Ki sèvis ILAP bay?

Si ou kalifye pou sèvis ILAP yo epi w ranpli yon admisyon, moun k ap travay nan sèvis jiridik la oswa benevòl yo kapab :

  • Rankontre avè w pou reponn kesyon nou yo epi ba ou konsèy sou lwa ak pwosesis imigrasyon ameriken ak sou estati imigrasyon w.

  • Ede w ranpli fòmilè ak demann imigrasyon epi ba ou konsèy sou fason pou jwenn dokiman pou voye ak fòmilè yo.

  • Nan kèk ka, w ap prezante w nan Biwo Imigrasyon oswa devan Tribinal Imigrasyon.

Due to our limited capacity, ILAP cannot help with visas sponsored by employers or visas to study in the United States. We also cannot help with non-immigration law cases; please visit ourDèske kapasite nou pa anpil, ILAP pa kab ede ak viza moun k ap bay travay yo ap sipòte oswa pou etidye Ozetazini. Nou pa kapab ede tou nan lòt bagay ki pa gen rapò ak dwa imigrasyon ; vizite Kontakte lòt òganizasyon nou yo pou lòt sèvis nan Maine.

Tout sèvis ILAP yo se sou randevou sèlman.


KI JAN MWEN KA PWOTEJE TÈT MWEN KONT FWÒDIMIGRASYON?

Fè anpil atansyon lè ou ap chèche èd ak dosye imigrasyon ou a! Fè atansyon ak moun nan Maine ki ap eseye twonpe ou nan fè komsi yo ka ede ou avèk dosye imigrasyon. Moun sa yo ka vòlè lajan ou epi gate dosye imigrasyon ou an.

Pi bon mwayen pou ou pwoteje tèt ou se chèche genyen enfòmasyon sou sa moun sa yo ap fè epi fè atansyon ak moun ou ap pèmèt ede ou avèk dosye imigrasyon ou.



EDE NOU AMELYORE!