CHANJE ADRÈS MWEN

Chak fwa ou chanje adrès, fòk ou bay imigrasyon nouvo adrès ou a. Aprann konnen ki jan pou ou chanje adrès ou a avèk USCIS (Sèvis Imigrasyon avèk Sitwayènte Peyi Etazini) epi tribinal Imigrasyon.


KI JAN POU MWEN CHANJE ADRÈS MWEN AK USCIS?

Si ou genyen yon aplikasyon nan USCIS epi ou te fenk chanje adrès, fòk ou voye yon "USCIS Change of Address form" (AR-11), ki vle di Fòmilè USCIS pou Chanje Adrès, pou bay USCIS nouvo adrès ou a.


KI JAN POU MWEN CHANJE ADRÈS MWEN LÈ MWEN GENYEN YON APLIKASYON AZIL KI DEJA NAN MEN USCIS?

Si ou gen yon aplikasyon azil ki nan men USCIS epi ou fèk chanje adrès, fòk ou voye yon "USCIS Change of Address form" (AR-11), ki vle di Fòmilè USCIS pou Chanje Adrès, pou bay USCIS nouvo adrès ou a. ILAP rekòmande tou pou ou voye yon fòmilè "Change of Address" bay biwo azil kote aplikasyon azil ou a ye a. Anba la se enstriksyon sou ki jan pou ou depoze yon fòmilè "Change of Address" nan USCIS ak nan biwo azil ou a.


KI JAN POU MWEN CHANJE ADRÈS MWEN AN NAN TRIBINAL IMIGRASYON?

Si ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon epi ou fèk chanje adrès, fòk ou voye yon fòmilè "Immigration Court Change of Address" (EOIR-33), ki vle di fòmile tribinal imigrasyon pou chanje adrès, pou bay tribinal imigrasyon an nouvo adrès ou a. Ou ka jwenn adrès tribinal imigrasyon ou an lè ou li gid nou an: Kijan pou mwen jwenn enfòmasyon sou dosye mwen an ki nan tribinal imigrasyon? Anba la se enstriksyon sou jan pou chanje adrès avèk tribinal imigrasyon.

Si ou soti nan yon lòt eta epi ou al abite nan Maine epi ou vle voye dosye ou a nan Tribinal Imigrasyon Boston, klike la pou plis enfòmasyon.


KI JAN MWEN KA PWOTEJE TÈT MWEN KONT FWÒDIMIGRASYON?

Fè anpil atansyon lè ou ap chèche èd ak dosye imigrasyon ou a! Fè atansyon ak moun nan Maine ki ap eseye twonpe ou nan fè komsi yo ka ede ou avèk dosye imigrasyon. Moun sa yo ka vòlè lajan ou epi gate dosye imigrasyon ou an.

Pi bon mwayen pou ou pwoteje tèt ou se chèche genyen enfòmasyon sou sa moun sa yo ap fè epi fè atansyon ak moun ou ap pèmèt ede ou avèk dosye imigrasyon ou.


Se avoka ak tout reprezantan akredite ki te devlope resous ILAP nan paj sila, men yo pa ranplase konsèy jiridik.



EDE NOU AMELYORE!