ANREJISTREMAN AVÈK ICE

Si ou bezwen anrejistre avèk Ranfòsman Ladwann ak Imigrasyon (Immigration and Customs Enforcement, ICE), aprann ki jan pou ou anrejistre avèk ICE nan Maine.


Kisa Ki Ice?

Ranfòsman Ladwann ak Imigrasyon (Immigration and Customs Enforcement, ICE) se yon ajans gouvènman Etazini ki la pou ranfòse lwa imigrasyon. Yo aji tankou “lapolis” imigrasyon.

Souvan lè ICE lage yon moun ki soti nan prizon imigrasyon, yo deside kontinye siveye moun sa. Siveyans sa ka fèt plizyè fason, tankou avèk yon braslè elektwonik, randevou anrejistreman an pèsòn, vizit nan kay, oswa anrejistreman nan telefòn oubyen pa imèl.


Ki Jan Pou Mwen Anrejistre Ak Ice Nan Maine?

Si ou bezwen anrejistre avèk ICE nan Biwo Scarborough Maine ICE, ou ka rele 207-396-5000 pou anrejistre oswa voye imel bay ICE nan ICE-ERO-POM-Reporting@ice.dhs.gov. Anba la se enstriksyon sou jan pou ou anrejistre avèk ICE.

Si ou genyen yon randevou an pèsòn, Adrès Biwo Scarborough Maine ICE la se:

40 Manson Libby Road
Suite 101
Scarborough, ME 04074

Gid renouvle: Mas 2023


KI JAN MWEN KA PWOTEJE TÈT MWEN KONT FWÒDIMIGRASYON?

Fè anpil atansyon lè ou ap chèche èd ak dosye imigrasyon ou a! Fè atansyon ak moun nan Maine ki ap eseye twonpe ou nan fè komsi yo ka ede ou avèk dosye imigrasyon. Moun sa yo ka vòlè lajan ou epi gate dosye imigrasyon ou an.

Pi bon mwayen pou ou pwoteje tèt ou se chèche genyen enfòmasyon sou sa moun sa yo ap fè epi fè atansyon ak moun ou ap pèmèt ede ou avèk dosye imigrasyon ou.


Se avoka ak tout reprezantan akredite ki te devlope resous ILAP nan paj sila, men yo pa ranplase konsèy jiridik.



EDE NOU AMELYORE!