PÈMI TRAVAY POU AZIL

Si ou gentan aplike pou azil, aprann ki jan pou ou aplike pou yon pèmi travay (c)(8) epi renouvle pèmi travay c(8) ou a.


MWEN APLIKE POU AZIL. ÈSKE MWEN KA GENYEN YON PÈMI TRAVAY?

Lè ou finn aplike pou azil, ou ka aplike pou yon pèmi travay aprè 150 jou. Pèmi travay sa rele yon pèmi travay (c)(8).


KIYES KI KA EDE MWEN APLIKE POU YON PÈMI TRAVAY (C)(8) NAN MAINE?

Anba la se òganizasyon ki ede moun ki ap chèche azil yo ranpli aplikasyon pèmi travay.

Òganizasyon sa yo paka bay konsèy jiridik. Yo ofri ede moun ranpli kèlke papye imigrasyon.

Rele Hope Acts pou mande yon randevou.

Rele Trinity Jubilee Center pou mande yon randevou.


KI JAN POU MWEN APLIKE POU YON PÈMI TRAVAY (c)(8) POUKONT MWEN?

Anba la gen enstriksyon sou jan pou ranpli aplikasyon pèmi travay ou poukont ou.

Si ou aplike pou yon pèmi travay epi ou pa jwenn yon resi pou aplikasyon pèmi travay ou a sou 30 jou aprè ou te fin voye li ale, ou ka bezwen kontakte Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Etazini (USCIS) nan 1-800-375-5283 pou fè swivi.


KILÈ POU MWEN APLIKE POU RENOUVLE PÈMI TRAVAY (c)(8) MWEN AN?

Si ou vle renouvle pèmi travay (c)(8) ou a, ILAP ap rekòmande pou ou aplike pou renouvle pèmi travay ou a 6 mwa (180 jou) avan pèmi ou genyen kounye a ap ekspire. 


ÈSKE MWEN KALIFYE POU YON PWOLONGASYON OTOMATIK SOU PÈMI TRAVAY LA PANDAN MWEN AP TANN NOUVO PÈMI TRAVAY MWEN AN?

4 me 2022, USCIS anonse kèlke pèmi travay, ak tout pèmi travay (c)(8) la ki fè pati aplikasyon azil ki te la deja yo, pral kalifye kounye a pou yon pwolongasyon otomatik otorizasyon travay jiska 540 jou. 

Pou ou kalifye pou pwolongasyon otomatik sila, fòk ou voye ale dosye revouvèlman pèmi travay (c)(8) ou a avan pèmi ou genyen kounye a ekspire. Politik sa ap rete aktif jiska o mwen 26 oktòb 2023. 

Gid renouvle: Me 2022


KI JAN MWEN KA PWOTEJE TÈT MWEN KONT FWÒDIMIGRASYON?

Fè anpil atansyon lè ou ap chèche èd ak dosye imigrasyon ou a! Fè atansyon ak moun nan Maine ki ap eseye twonpe ou nan fè komsi yo ka ede ou avèk dosye imigrasyon. Moun sa yo ka vòlè lajan ou epi gate dosye imigrasyon ou an.

Pi bon mwayen pou ou pwoteje tèt ou se chèche genyen enfòmasyon sou sa moun sa yo ap fè epi fè atansyon ak moun ou ap pèmèt ede ou avèk dosye imigrasyon ou.


Se avoka ak tout reprezantan akredite ki te devlope resous ILAP nan paj sila, men yo pa ranplase konsèy jiridik.



EDE NOU AMELYORE!