Nouvo desizyon ki pran nan koze imigrasyon! Pwolonjman otomatik sèten pèmi travay

Kisa nouvo desizyon an ye?

Nan dat ki te 4 Me 2022 a, Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon peyi Etazini (United States Citizenship and Immigration Services, USCIS) te anonse ke sèten pèmi travay ki te kalifye pou pwolonjman otomatik otorizasyon travay pou 180 jou a ap vin valab kounye a pou jiska 540 jou. Sa se nan entansyon pou anpeche imigran yo gen pwobèm ak otorizasyon travay yo akòz reta nan USCIS.

Èske pwolonjman otomatik sa a ka aplike nan ka pa m?

Pwolonjman otomatik otorizasyon travay pou 540 jou a ka aplike nan ka moun ki:

➔ Ranpli jan sa dwe fèt yon nouvo pèmi travay avan 4 Me 2022, OSWA, ki pral ranpli yon nouvo Dokiman Otorizasyon Travay (Employment Authorization Document, EAD) ant 4 Me 2022 pou rive 26 Oktòb 2023

EPI

➔ Ki nan youn nan kategori sa yo* sou aplikasyon renouvèlman pèmi yo:

  • Refijye apwouve: (a)(3)

  • Moun ki mande Azil apwouve: (a)(5)

  • Aplikasyon pou Azil annatant: (c)(8)

  • Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS, Temporary Protected Status) annatant: (c)(19)

  • Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS, Temporary Protected Status) apwouve: (a)(12)

  • Aplikasyon pou Rezidans annatant: (c)(9)

  • Moun ki fè petisyon nan Lwa sou Vyolans Sou Fanm (Violence Against Women Act, VAWA) akòde: (c)(31)

  • Sispansyon depòtasyon oswa ranvwa apwouve: (a)(10)

*Lòt kategori ki kalifye tankou: (a)(7); (a)(8); (a)(17); (a)(18); (c)(10); (c)(16); (c)(20); (c)(22); (c)(24); (c)(26)

Kòman m ka pwouve mwen genyen pwolonjman otomatik travay 540 jou a nan travay mwen oswa nan Biwo Sikilasyon an (Bureau of Motors Vehicles)?

Mwen te aplike pou yon renouvèlman pèmi travay anvan 4 Me 2022:

USCIS p ap voye yon nouvo Fòm I-797C ki se yon Avi sou Evolisyon Pwosesis la epi yon Avi ki di yo Resevwa dokiman an. Aktyèl Fòm I-797C ou an ki se Avi sou Evolisyon Pwosesis la ak Avi ki di yo Resevwa Dokiman w lan, ki montre yon pwolonjman otomatik pou 180 jou, ap pwouve ou kalifye pou pwolonjman otomatik 540 jou a. Si anplwayè w oswa Biwo Sikilasyon an (Bureau of Motors Vehicles) gen kesyon, ou ka montre yo nouvo desizyon an sou: https://www.uscis.gov/eadautoextend

Mwen pral aplike pou yon renouvèlman pèmi travay ant 4 Me 2022 ak 26 Oktòb 2023:

USCIS pral voye yon Fòm I-797C Avi sou Evolisyon Pwosesis la ak Avi ki di yo Resevwa Dokiman k ap montre ou gen yon pwolonjman otomatik 540 jou. Itilize Avi sou Evolisyon Pwosesis la ak Avi ki di yo Resevwa Dokiman epi lòt dokiman yo mande pou pwouve pwolonjman otomatik la

Sa k ap pase si m te aplike pou yon renouvèlman pèmi travay, men otorizasyon travay mwen an fini anvan menm m te resevwa nouvo dokiman yo?

Si w te aplike jan sa dwe fèt pou renouvèlman pèmi travay ou a, ou kalifye pou pwolonjman otomatik 540 jou a menm si otorizasyon travay ou a te deja ekspire pandan w t ap tann nan.

Kisa k ap pase si estati imigrasyon m nan ki pa definitif lan fini anvan 540 jou?

Si estati imigrasyon m nan ki pa definitif lan fini anvan peryòd 540 jou a, otorizasyon travay ou a ap fini lè estati w fini.

Kikote pou m ale si m gen plis kesyon?

Pale ak yon reprezantan lalwa ki kalifye oswa vizite

https://www.uscis.gov/eadautoextend

Ki lòt bagay m bezwen konnen?

Toujou asire w ou pale ak yon reprezantan lalwa ki kalifye ki ka ede w ak ka imigrasyon w lan. Evite pran konsèy nan men moun ki pa avoka oswa ki pa moun ki la pou sa.

Dènye desizyon ki te pran an: 10 Me 2022