Posts tagged Haitian Creole
ATANSYON: Nouvo tribinal imigrasyon pou moun k ap viv nan Maine

Tribinal Imigrasyon Lowell te louvri nan Chelmsford, Massachusetts nan mwa avril 2024. Si w abite nan Maine epi w gen yon ka nan Tribinal Imigrasyon Boston an, ka w la ka deplase nan yon nouvo Tribinal Imigrasyon Lowell.

Ou ta dwe tcheke sit entènèt tribinal imigrasyon an chak semèn pou wè si ka w la te deplase nan Tribinal Imigrasyon Lowell. Detay sou ka w la ka chanje nenpòt ki lè.

Read More
TPS AYITI [Kreyòl Ayisyen]

Gouvènman Etazini an anonse nan mwa Desanm 2022 a l ap pwolonje epi redefini Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS, Temporary Protected Status) pou Ayiti. Estati Pwoteksyon Tanporè a se yon estati imigrasyon tanporè ki pwoteje moun yo kont depòtasyon depi estati tanporè yo an toujou rete valid. Yo kapab resevwa yon pèmi travay tou oswa Dokiman Otorizasyon Travay (EAD, Employment Authorization Document) epi mande otorizasyon pou yo vwayaje andeyò Etazini

Read More
Dènye Desizyon sou Dosye TPS la pou Salvadò, Onndiras, Nikaragwa, Ayiti, Soudan, ak Nepal [Kreyòl Ayisyen]

Gouvènman Ameriken an ap pwolonje Estati Pwoteksyon Tanporè a (TPS, Temporary Protected Status) ansanm ak dokiman ki gen pou wè ak TPS yo yon fason otomatik pou moun ki deja genyen TPS yo ki sòti nan peyi Salvadò, Onndiras, Nikaragwa, Ayiti, Soudan, ak Nepal ki anba kouvèti afè jidisyè Ramos oswa Bhattarai yo. TANPRI NOTE SA: Genyen kèk moun ki gen TPS ki soti Soudan ak Ayiti ki PA anba kouvèti afè sa yo. Si ou genyen yon TPS epi w sòti Ayiti oswa Soudan, tanpri byen li enfòmasyon ki pi ba a pou w kapab konnen si ou anba kouvèti afè sa yo.

Read More
Nouvo desizyon ki pran nan koze imigrasyon! Pwolonjman otomatik sèten pèmi travay

Nan dat ki te 4 Me 2022 a, Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon peyi Etazini (United States Citizenship and Immigration Services, USCIS) te anonse ke sèten pèmi travay ki te kalifye pou pwolonjman otomatik otorizasyon travay pou 180 jou a ap vin valab kounye a pou jiska 540 jou. Sa se nan entansyon pou anpeche imigran yo gen pwobèm ak otorizasyon travay yo akòz reta nan USCIS.

Read More