Enfòmasyon Enpòtan pou Imigran sou Enskripsyon pou Vote

English | Français | Português | Español | Kreyòl Ayisyen | العربية

Felisitasyon a tout moun ki natiralize sitwayen ameriken nan Maine ki enskri pou vote epi ki pral vote nan eleksyon k’ap vini yo!

Pou imigran nan Maine ki PA sitwayen ameriken, tanpri fè atansyon pou ou pa enskri pou vote oswa vote. Se sèlman sitwayen ameriken ki ka vote oswa enskri pou vote. Sa a se laverite pou tout eleksyon Ozetazini ak Eta yo. Dapre lwa imigrasyon, moun ki pa sitwayen ki anrejistre pou vote oswa ki vote, ka fè fas a sanksyon imigrasyon grav, tankou depòtasyon, menm si yo te anrejistre oswa vote pa erè, oswa si se lòt moun ki te di yo ka fè sa.

Fòm enskripsyon elektè Maine yo gen yon kazye ki mande, "Èske w’ se yon sitwayen Etazini nan Amerik la?" Ou ta dwe tcheke "Wi" sèlman epi kontinye enskri si w’ se yon sitwayen ameriken legalman. Yon sitwayen ameriken pa menm ak yon "rezidan" oswa "moun k’ ap viv Ozetazini." Yon sitwayen ameriken se yon moun ki fèt Ozetazini oswa ki te pase nan pwosesis aplikasyon sitwayènte e ki te prete sèman kòm yon sitwayen ameriken, oswa ki te legalman jwenn sitwayènte ameriken atravè yon paran sitwayen ameriken.

Tanpri pran prekosyon epi asire w’ ke ou se yon sitwayen ameriken anvan w’ enskri pou w’ vote nan Maine. Epi tanpri, enskri pou vote ak vote lè ou vin yon sitwayen ameriken alavni!