TPS pou AYITI [Kreyòl Ayisyen]

English | Kreyòl Ayisyen

Gouvènman Etazini ap ofri ayisyen ki Ozetazini Estati Pwoteje Tanporè (TPS)

Ki sa TPS ye?

TPS bay moun ki soti ann Ayiti k ap viv Ozetazini pwoteksyon tanporè kont depòtasyon, estati legal nan Etazini, epi yon Kat Otorizasyon Anplwa (pemi travay). TPS se yon bagay ki tanporè; sa vle di li bon pou 1-2 lane sèlman. Aprè sa, gouvènman Etazini gendwa pwolonje TPS oubyen chwazi kwape li.

Èske mwen ranpli kondisyon pou m jwenn TPS?

Ou gendwa ranpli kondisyon pou TPS si:

  • Ou se yon sitwayen peyi dAyiti

  • Ou te Ozetazini soti nan 29 jiyè 2021 oubyen avan sa

* Gen sèten krim ki ka fè w pa elijib pou jwenn TPS*


 

Sa se premye fwa m vle enskri pou TPS:

Pou enskri pou TPS, w ap bezwen:

  • Yon paspò ayisyen, batistè, oubyen kat idantite nasyonal;

  • Yon viza, menm si li ekspire; yon so paspò, oubyen kèlkeswa lòt dokiman imigrasyon;

  • Dokiman ki montre ou Ozetazini depi 29 jiyè 2021 oubyen avan sa, pa egzanp dosye medikal, kontra lwaye, dosye travay, oubyen dosye lekòl

  • Kasye jidisyè pou kèlkeswa arestasyon, akizasyon, oubyen zafè jidisyè ki konsène w Ozetazini, nenpòt ki lè

M gen TPS deja epi m vle renouvle l:

Ayisyen ki gen TPS aktyèlman dwe enskri nouvèlman selon avi sa a. Pou enskri nouvèlman, w ap bezwen

  • Menm dokiman yon moun ta bezwen pou enskri pou TPS yon premye fwa;

  • Yon kopi aplikasyon TPS w ki pi resan;

  • Kasye jidisyè pou kèlkeswa arestasyon, akizasyon, oubyen zafè jidisyè ki konsène w Ozetazini, nenpòt ki lè.

 

Si w ap viv nan eta Maine epi ou vle enskri pou TPS oubyen renouvle TPS, tanpri ranmase tout dokiman nou sot site yo. Pou jwenn plis enfòmasyon epi pou mete dat yon randevou, tanpri rele ILAP nan 207-780-1593, oubyen ale sou https://ilapmaine.org/get-legal-help pou ranpli yon fòmile demann.


APLIKASYON POU PREMYE FWA

KIMOUN KI KA APLIKE?

Premye fwa ou fe aplikasyon TPS ou dwe:

  • Aplike ant 3 Out 2021 e 3 Fevriye 2023;

  • Fok ou citizen oubyen nasyonal de Ayiti;

  • Te viv nan Etazini san kite depi 29 Jiye 2021 ou avan le sa;

  • Pa gen konviksyon pou krim oubyen konviksyon pou de ouswa plis move kondwit (ou ka gen eksepsyon pou violasyon kondwi);*

  • Pa etabli nan yon lot peyi pase Ayiti, avan out e rive nan Etazini.*

* Pale avek yon avoka imigrasyon avan ou fe aplikasyon si sa kapab vre pou ou

KISA OU BEZWEN POU APLIKASYON PA-W?

Fok ou ranmase, fe komple, epi voye bay imigrasyon dokiman sa yo:

  • Fòm I-821; (Si w’ap renouvle TPS, gen kek enstriksyon espesyal pou ou ta tcheke kek bwat nan fom-nan);

  • Fòm I-765 (si ou vle yon kat travay tou);

  • Yon paspo Ayis yen, cetifikat Nasyonal ou swa kat identifikasyon nasyonal (Kopi selman; PA Voye original-la);

  • Papyie imigrasyon, ni impot si li ekspire (Visa, koupon pou paspo, kat travay eksetera) ki montre dat ou te antre Etazini; (Kopi selman)

  • Dosye ki montre out e viv Etazini depi 29 Jiye 2021 (ou avan) kom papiye medical, chek peywol, resi lokasyon kay la, peman sevis piblik, papiye lekol yo; (kopi Selman)

  • Dosye setifye sou arestasyon, chaj kriminel, ouswa konviksyon ni empot kote nan Etazini; (kopi Selman)

  • Chèk ouswa lod lajan ki make “U.S. Department of Homeland Security” pou:

    • $545 si ou gen 14-65 ane e ou vle TPS e yon kat travay;

    • $135 si ou gen 66 ane ou plis e ou vle TPS e yon kat travay;

    • $135 si ou gen 14 ane ou plis e ou vle TPS men ou PA vle yon kat travay;

    • $50 si ou gen mwens de 14 ane e ou vle TPS avek ouswa san yon kat travay

  • Fòm I-192 avek evidans ki vale lajan ou fe a depans pa-w yo SI w’ap mande frè sa yo eskize;

  • Fòm G-1145 ki tache sou premye paj de I-821 SI ou vle notifikasyon pa imel ouswa mesaj tèks ki fòm la te resevwa.

Souple tande: Pwocesis aplikasyon pou TPS ka pran kek semen ouswa mwa yo. Ou dwe sevi avek yon adres postal ki estab pou ou ka jwenn tout notifikasyon imigrasyon, sa ka enkli randevou anprent e foto pou kat travay la, ki ka vin touswit