TPS AYITI [Kreyòl Ayisyen]

Gouvènman Etazini an anonse nan mwa Desanm 2022 a l ap pwolonje epi redefini Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS, Temporary Protected Status) pou Ayiti. Bwochi sa a genyen enfòmasyon sou anons sa a epi sou fason pou w mande Estati Pwoteksyon Tanporè a nan eta Maine.


Kisa ki Estati Pwoteksyon Tanporè a? (TPS, Temporary Protected Status)

Estati Pwoteksyon Tanporè a se yon estati imigrasyon tanporè ki pwoteje moun yo kont depòtasyon depi estati tanporè yo an toujou rete valid. Yo kapab resevwa yon pèmi travay tou oswa Dokiman Otorizasyon Travay (EAD, Employment Authorization Document) epi mande otorizasyon pou yo vwayaje andeyò Etazini. Nouvo deziyasyon estati pwoteksyon tanporè Ayiti a valab pou 18 mwa, soti 4 fevriye 2023 rive 3 out 2024. Apre peryòd sa a, gouvènman ameriken an kapab pwolonje TPS pou Ayiti a ankò, oswa yo ka chwazi kanpe li.


Kiyès ki konsène ak mizajou TPS Ayiti a?

Moun ki genyen TPS Ayisyen nan moman an:

  • Moun ki genyen TPS Ayisyen nan moman an epi ki te apwouve avan 26 janvye 2023 selon deziyasyon TPS Ayisyen ki fenk fèt la, dwe enskri ankò pou TPS ant 26 janvye 2023 ak 27 mas 2023. Depi w sou deziyasyon TPS Ayisyen ki fenk fèt la, sa vle di ou te mande TPS nan dat resan ant 3 out 2021 epi 3 fevriye 2023.

  • Ayisyen ki genyen TPS epi ki genyen aplikasyon TPS ki annatant nan dat 26 janvye 2023 pa bezwen fè nouvo enskripsyon. Si li apwouve, y ap kapab genyen TPS la valid jiska 3 out 2024.

  • Pèmi travay pou Ayisyen ki gen TPS nan moman an pwolonje otomatikman jiska 3 out 2024. Pou yo kapab resevwa yon otorizasyon travay jiska 3 out 2024, moun ki gen TPS nan moman an dwe mande yon nouvo pèmi travay. Sepandan, Ayisyen ki gen TPS epi ki gen demann pèmi travay annatant nan dat 26 janvye 2023 yo pa bezwen fè nouvo demann. Si li apwouve, y ap kapab resevwa otorizasyon pou travay la jiska 3 out 2024.

Sitwayen Ayisyen k ap viv Etazini depi 6 novanm 2022:

  • Sitwayen Ayisyen k ap viv yon fason ki estab Etazini depi 6 novanm 2022 epi ki reponn ak lòt kritè kapab mande TPS ak yon pèmi travay.

  • Sitwayen Ayisyen ki kalifye yo dwe fè demann yo a ant 26 janvye 2023 ak 3 out 2024.


Yon nòt pou moun ki genyen TPS pwosè Ramos la kouvri:

  • Moun ki gen TPS pwosè Ramos la kouvri yo pako bezwen fè anyen pou kounye a. Tankou moun ki gen TPS yo ki te genyen li depi anvan 3 out 2021.

  • Sepandan, ILAP rekòmande pou moun ki gen TPS sa yo fè nouvo enskripsyon pou TPS nan kad anons sa a.


Kisa mwen bezwen genyen pou mwen enskri ankò oswa pou mwen mande TPS Ayiti a?

  • Yon paspò Ayisyen, batistè, oswa yon kat didantite;

  • Yon prèv ou te rantre Etazini legal tankou yon viza, yon tenm oswa so sou paspò, I-94 oswa yon NTA;

  • Dokiman ki montre ou Etazini depi 6 novanm 2022, tankou dosye medikal, bilten benefis sosyal, kontra, fich pèman oswa dosye lekòl;

  • Dosye ki gen rapò ak arestasyon, ak akizasyon epi aksyon penal ou genyen nan Etazini oswa nenpòt lòt kote nan mond lan;

  • Kopi tout demann ou te fè deja nan imigrasyon;

  • Ak nenpòt lòt dokiman imigrasyon ou te resevwa pandan ou Etazini.


Kòman pou mwen mande èd nan ILAP pou TPS pa mwen an?

Si w abite nan eta Maine epi ou ta renmen enskri ankò oswa mande TPS Ayisyen an, tanpri sanble dokiman ki mansyone anwo yo, epi ale sou www.ilapmaine.org/get-legal-help-haitian-creole pou ka konnen kòman pou pran yon randevou admisyon.


Ki lòt bagay m bezwen konnen?

Fè atansyon ak fwod epi ak moun k ap eseye pran lajan nan men imigran yo pandan y ap pretann yo kapab ede yo nan demach imigrasyon yo. Jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w pwoteje tèt ou la a: https://ilapmaine.org/protect-hc.