Fè atansyon lè ou ap chèche èd pou dosye imigrasyon ou

Fè atansyon ak moun nan Maine ki ap eseye twonpe imigran yo lè yo pretann yo ap ede yo pou dosye imigrasyon yo! Moun sa yo kapab vòlè lajan ou epi fè ou gen pwoblèm nan dosye imigrasyon ou.

 

Asire w moun ki ap ede ou pou dosye imigrasyon ou lan se yon moun ou fè konfyans. Yon vrè founisè sèvis imigrasyon ki legal P AP fè okenn nan bagay sa yo:

  • Fè ou peye yon frè jis pou ou resevwa imèl ki lye ak dosye ou

  • Fè ou peye yon frè pou kopi fòm imigrasyon ki poko ranpli

  • Bay fo enfòmasyon nan fòm imigrasyon yo oswa di ou fè sa

  • Di ou lè ou bay fo enfòmasyon sa ap ede ou genyen dosye imigrasyon ou lan

  • Di ou yo gen “kontak” espesyal oswa enfliyans ki ap ede ou nan dosye imigrasyon ou lan

  • Di ou yo pa kapab ba ou yon resi lè ou peye yo oswa ba ou nenpòt bagay ki gen non yo ekri sou li

  • Pran dokiman sou idantite ou epi pa remèt ou yo

  • Pa siyen oswa refize siyen fòm imigrasyon yo ranpli oswa yo tradui pou ou

  • Pa ba ou kopi oswa refize ba ou kopi tout fòm ak tout dokiman yo soumèt bay gouvènman an.

Si yon moun fè youn nan bagay sa yo, mande li remèt ou dokiman ou yo ak kopi tout bagay li te soumèt nan kad dosye imigrasyon ou an. Apre sa, sispann travay avèk li. Pale ak yon òganizasyon kominotè yo fè konfyans pou ou jwenn konsèy sou sa ou dwe fè apre.