Dènye Desizyon sou Dosye TPS la pou Salvadò, Onndiras, Nikaragwa, Ayiti, Soudan, ak Nepal [Kreyòl Ayisyen]

Gouvènman Ameriken an ap pwolonje Estati Pwoteksyon Tanporè a (TPS, Temporary Protected Status) ansanm ak dokiman ki gen pou wè ak TPS yo yon fason otomatik pou moun ki deja genyen TPS yo ki sòti nan peyi Salvadò, Onndiras, Nikaragwa, Ayiti, Soudan, ak Nepal ki anba kouvèti afè jidisyè Ramos oswa Bhattarai yo. TANPRI NOTE SA: Genyen kèk moun ki gen TPS ki soti Soudan ak Ayiti ki PA anba kouvèti afè sa yo. Si ou genyen yon TPS epi w sòti Ayiti oswa Soudan, tanpri byen li enfòmasyon ki pi ba a pou w kapab konnen si ou anba kouvèti afè sa yo.


Èske mwen anba kouvèti Afè Jidisyè Ramos oswa Bhattarai yo?

 

Mwen se yon moun ki genyen TPS aktyèlman la a epi mwen sòti Salvadò, Onndiras, Nikaragwa oswa Nepal:

WI, nouvo desizyon sa a gen pou wè ak ou epi pwolongasyon otomatik la aplike ak ou. Estati TPS ou a ansanm ak pèmi travay ou a tou pwolonje tou pou jis 30 jen 2024. Pou w jwenn plis enfòmasyon, ale nan paj 2 a.

 

Mwen se yon moun ki genyen TPS aktyèlman la a epi mwen sòti Ayiti:

  • Moun ki sòti Ayiti epi ki genyen TPS ki te anrejistre pou TPS pou premye fwa nan lane 2010 ak 2011 yo epi ki te toujou genyen TPS apre sa a jis kounye a konsène nan mizajou sa a tou. Estati TPS ou a ansanm ak pèmi travay ou a tou pwolonje tou pou jis 30 jen 2024. Pou w jwenn plis enfòmasyon, ale nan paj 2 a. ILAP ankouraje Ayisyen ki genyen TPS yo ki nan kategori sa a pou y al anrejistre pou TPS nan nouvo deziyasyon TPS pou Ayiti a. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri kontakte ILAP.

  • Moun ki sòti Ayiti epi ki genyen TPS ki fenk anrejistre pou TPS nan lane 2021 ak 2022 yo PA konsène nan pwolongasyon otomatik sa a. Nou pwolonje TPS pou Ayiti pou moun sa yo ki deja te gen TPS jiska dat 3 out 2024, atravè yon anons nou te fè nan mwa desanm 2022. Pou jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou anrejsitre yon lòt fwa ankò, tanpri kontakte ILAP. Nan mwa jen 2024, gouvènman Ameriken an pral anonse si li pral pwolonje TPS pou Ayiti nan kategori sa a.

  • Si ou pa yon moun ki gen TPS nan moman an epi ou se yon sitwayen Ayisyen ki t ap viv Ozetazini depi dat 6 novanm 2022, nou envite w kontakte ILAP pou w kapab jwenn asistans pou w anrejistre pou TPS.

 

Mwen se yon moun ki genyen TPS aktyèlman la a epi mwen sòti Soudan:

  • Moun ki sòti Soudan epi ki genyen TPS ki te anrejistre pou TPS pou premye fwa nan fen ane 1990 yo epi ki te toujou genyen TPS apre sa a jis kounye a konsène nan mizajou sa a tou. Estati TPS ou a ansanm ak pèmi travay ou a tou pwolonje tou pou jis 30 jen 2024. Gade anba a pou jwenn plis enfòmasyon. ILAP ankouraje Soudanè ki genyen TPS yo ki nan kategori sa a pou y al anrejistre pou TPS nan nouvo deziyasyon TPS pou Soudan an, ki ap disponib pou jis 19 oktòb 2023. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri kontakte ILAP.

  • Moun ki sòti Soudan epi ki genyen TPS ki te anrejistre pou premye fwa pou TPS nan kad nouvo deziyasyon TPS pou Soudan nan lane 2022 yo PA konsène nan pwolongasyon otomatik sa a. Moun ki gen TPS sa yo genyen TPS la aktyèlman pou jis dat 19 oktòb 2023. Nan mwa out 2023, gouvènman Ameriken an pral anonse si li pral pwolonje TPS pou Soudan nan kategori sa a.

  • Si ou pa yon moun ki gen TPS nan moman an epi ou se yon sitwayen Soudanè ki t ap viv Ozetazini depi dat 19 avril 2022, nou envite w kontakte ILAP pou w kapab jwenn asistans pou w anrejistre pou TPS.


Kisa Nouvo Desizyon an ye?

Gouvènman Ameriken an ap pwolonje TPS la, pèmi travay yo ansanm ak lòt dokiman ki gen pou wè ak TPS yo yon fason otomatik pou moun ki deja genyen TPS ki anba kouvèti afè jidisyè Ramos oswa Bhattarai yo sòti nan dat 31 desanm 2022, rive nan dat 30 jen 2024.


Kisa Mwen Dwe Fè?

  • Moun ki gen TPS ki konsène nan pwolongasyon otomatik sa a P AP bezwen fè okenn aksyon nan moman an. TPS la, pèmi travay yo ansanm ak lòt dokiman ki gen pou wè ak TPS yo ap pwolonje yon fason otomatik sòti nan dat 31 desanm 2022 rive 30 jen 2024.

  • Moun ki gen TPS yo kapab montre enstitisyon kote y ap travay yo ansanm ak Biwo Veyikil a Motè a dènye pèmi travay yo a (menm si li ekspire) epi Avi Federal pou Anrejistreman sa a ap otorize pwolongasyon otomatik la: https://bit.ly/RamosTPSUpdate

  • ILAP rekòmande pou moun ki gen TPS ki sòti Soudan oswa Ayiti yo ale anrejistre nan kad nouvo deziyasyon TPS pou peyi sa yo. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri kontakte ILAP: https://ilapmaine.org/get-legal-help


Kisa Mwen Dwe Fè Si Mwen Gen Pwoblèm Pou m Montre Mwen gen Yon Pwolongasyon Otomatik pou Pèmi TRvay mwen an nan Travay mwen oswa nan Biwo Veyikil a Motè a?

  • Moun ki gen TPS yo kapab montre enstitisyon kote y ap travay yo dènye pèmi travay yo a (menm si li ekspire) eansanm ak yon kopi Avi Federal pou Anrejistreman pou demontre yo gen yon pwolongasyon otomatik pou pèmi travay rive jous nan dat 30 jen 2024: https://bit.ly/RamosTPSUpdate

  • Avi Federal pou Anrejistreman an genyen ladan li eksplikasyon detaye pou enstitisyon ki anplwaye moun yo. Enstitisyon ki bay moun travay yo kapab kontakte USCIS nan 888-464-4218 (TTY 877-875-6028) oswa yo akpab voye imèl bay USCIS nan I9Central@uscis.dhs.gov si yo gen plis kesyon toujou. Enstitisyon sa yo kapab kontakte Depatman Estanda Travay Maine lan tou pandan y ap rele nan 207-623-7900 oswa voye imèl bay mdol@maine.gov.

  • Pou plis asistans nan fason pou montre enstitisyon kote y ap travay la yo gen yon pwolongasyon otomatik pou pèmi travay yo, moun ki gen TPS yo kapab kontakte Liy Dirèk Travayè pou Dwa Imigran ak Anplwaye anndan Depatman Jistis la nan 800-255-7688 (TTY 800-237-2515). Moun ki gen TPS yo kapab kontakte liy dirèk Divizyon Salè ak Èdtan Travay anndan Depatman Travay Maine lan tou pandan y ap rele nan 207-624-6400 (TTY 800-794-1110).

  • Moun ki genyen TPS yo ta dwe vin ak yon kopi Avi Anrejistreman Federal la nan randevou BMV yo: https://bit.ly/RamosTPSUpdate. Manandjè yo ansanm ak branch Biwo Veyikil a Motè Maine lan te resevwa fòmasyon epi yo te jwenn enfòmasyon sou dosye TPS la. Moun ki genyen TPS ki gen pwoblèm yo akpab mande pou pale ak yon manadjè pou klarifye yo gen yon pwolongasyon otomatik pou pèmi travay yo.


Ki Lòt Bagay m Bezwen Konnen?

Sonje, si ou konsène nan nouvo desizyon sa a, ou pa bezwen fè okenn aksyon pou w benefisye pwolongasyon otomatik TPS ou, pèmi travay ou, oswa nenpòt lòt dokiman ki gen pou wè ak TPS. Fè atansyon ak k ap fè fwod epi ak moun k ap eseye twonpe imigran nan lajan yo lè yo pretann yo kapab ede yo ak ka imigrasyon yo. Jwenn plis enfòmasyon sou kijan pou w pwoteje tèt ou la a: https://ilapmaine.org/protect