Nouvèl konsènan vwayaj pou moun ki gen TPS ak Kalifikasyon pou kat rezidans (Green Cards) [Kreyòl Ayisyen]

Nan dat premye (1) jiyè 2022, Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon peyi Etazini (USCIS, United States. Citizenship and Immigration Services) anonse yon nouvo règleman konsènan vwayaj ak Kalifikasyon pou kat rezidans pou moun ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS, Temporary Protected Status).

 

Si w gen TPS, men sa ou bezwen konnen:

  • TPS poukont li, se pa yon chemen pou jwenn yon kat rezidans ameriken (yo rele tou ajisteman estati) oswa yon chemen pou jwenn sitwayènte ameriken. 

  • Pou aplike pou yon kat rezidans nan peyi Etazini, moun ki gen TPS yo ak lòt moun yo dwe: 

    • Kalifye pou yon viza imigran (pa egzanp, grasa yon sitwayen ameriken oswa yon manm fanmi an ki gen rezidans pèmanan legal); 

    • Antre legalman nan peyi Etazini apre yo fin "enspekte yo epi aksèpte yo"; epi  

    • Yo pa pa dwe diskalifye pou lòt rezon. 

  • Yo pa "enspekte ak aksèpte" moun ki gen TPS ki antre nan peyi Etazini san papye yo, yon egzijans pou jwenn yon kat rezidans. Men kounye a, gen yon fason pou yo "enspekte ak aksèpte" moun ki gen TPS yo lè yo vwayaje andeyò peyi Etazini ansanm avèk pèmisyon Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon peyi Etazini (USCIS) epi pou yo re-antre nan peyi a. 

 

Pwochen etap pou moun ki gen TPS kounye a yo:

  • Anons sa a PA vle di ke tout moun ki gen TPS ki kite epi re-antre nan peyi etazini yo pral kapab aplike pou yon kat rezidans. Sa vle di moun ki gen TPS ki kalifye pou yon viza imigran (pa egzanp, grasa yon manm nan fanmi yo), men ki pa ranpli kondisyon obligatwa pou antre legalman nan peyi Etazini pou aplike pou yon kat rezidans, gen posiblite pou yo antre legalman kounye a.     

  • Si w panse ou ka benefisye nouvo règleman moun ki gen TPS sa a, pale sa ak yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan ki akredite.  

  • Men kèk egzanp moun ki gen TPS k ap kapab benefisye nouvo règleman sa a: 

    • Yon moun ki gen TPS ki marye ak yon sitwayen ameriken oswa yon rezidan pèmanan legal. 

    • Yon moun ki gen TPS ki se paran yon timoun sitwayen ameriken ki gen 21 an oswa plis. 

    • Yon moun ki gen TPS ki poko gen laj 21 ane, ki pa marye,epi li se pitit yon sitwayen ameriken. 

  • REMAK:  PINGA w aplike nan USCIS pou vwayaje andeyò Etazini san w pa pale anvan ak yon avoka imigrasyon oswa yon reprezantan ki akredite. Ou dwe konprann tout sa k ap afekte kalifikasyon w pou kite peyi Etazini apre pou re-antre. Ka gen risk ou dwe konnen anvan w kite peyi Etazini.   

 

Fè atansyon ak fwod: Asire ou pale sou opsyon ou yo ansanm ak yon avoka imigrasyon konpetan oswa yon reprezantan akredite. Fè atansyon ak moun k ap eseye twonpe imigran nan lajan yo lè yo pretann yo kapab ede yo ak ka imigrasyon yo. Aprann plis: https://ilapmaine.org/protect-hc.

Dènye mete ajou: Septanm 2022