ATANSYON: Nouvo tribinal imigrasyon pou moun k ap viv nan Maine


Si w abite nan Maine epi w gen yon ka nan Tribinal Imigrasyon Boston an, ka w la ka deplase nan yon nouvo Tribinal Imigrasyon Lowell.


Ki kote Tribinal Imigrasyon Lowell ye?

Tribinal Imigrasyon Lowell te louvri nan Chelmsford, Massachusetts nan mwa avril 2024.

Adrès:
150 Apollo Drive
Suite 100
Chelmsford, MA 01824


Kijan m ap konnen si tribinal mwen an chanje?

Ou ta dwe tcheke sit entènèt tribinal imigrasyon an chak semèn pou wè si ka w la te deplase nan Tribinal Imigrasyon Lowell. Detay sou ka w la ka chanje nenpòt ki lè.

Ou ka resevwa tou avi oswa enfòmasyon sou nouvo tribinal ou a pa lapòs. Li enpòtan anpil pou tribinal la gen adrès ou ajou.


Kouman pou mwen tcheke ka mwen an sou sit entènèt tribinal imigrasyon an?

Vizite https://acis.eoir.justice.gov/en/ epi antre A# ou.


E si mwen toujou gen kesyon sou ka mwen an oswa kote tribinal mwen an?

Ou ka rele Lowell Immigration Court nan 978-497-9000.