JWENN ÈD POU YON MOUN OFISYÈL IMIGRASYON ARETE
ILAP bay asistans legal imigrasyon gratis pou: (1) moun ki anba detansyon ofisyèl imigrasyon nan Maine; ak (2) rezidan Maine ki anba detansyon ofisyèl imigrasyon nan Depatman Koreksyon Konte Strafford nan New Hampshire
KIJAN POU M MANDE ÈD LEGAL POU YON MOUN OFISYÈL IMIGRASYON ARETE?
Sèlman pou moun ki nan prizon nan ME oswa rezidan nan ME ki nan prizon nan Konte Strafford, NH.
KIJAN MWEN KA KONNEN KOTE YO KENBE YON MOUN NAN PRIZON?
Si yon moun ou konnen te arete pa ofisyèl imigrasyon, men ou poko konnen kote yo kenbe li, ou ka itilize Zouti Lokalizatè Prizonye ICE*. Si ou kapab konfime kote moun nan ye, sa ap ede nou evalye kapasite ILAP genyen pou l ede pi rapid. Si moun nan poko parèt nan Zouti pou Jwenn Detni ICE la, ou ka toujou ranpli fòmilè ki anwo a, epi n ap fè tout sa n kapab pou n ede.Ou ka fè rechèch nan Zouti pou lokalize prizonye ya de fason:
Itilize nimewo anrejistreman etranje moun nan (nimewo A) ak peyi kote li fèt. Nimewo A a kòmanse ak "A" epi li gen nèf chif. Ou ka jwenn li sou dokiman imigrasyon tankou papye tribinal, resi, oswa kat travay.
Sèvi ak non moun nan ak peyi kote li fèt. Non moun nan dwe ekri egzakteman jan ofisyèl imigrasyon yo te ekri li. Ou ka bezwen chèche diferan vèsyon non moun nan. Erè òtograf oswa lè yo chanje non ak siyati moun nan ka fè li pi difisil pou jwenn moun nan.
Si ou jwenn ke yo kenbe moun ou a nan Maine oswa nan Depatman Koreksyon Konte Strafford nan New Hampshire, swiv enstriksyon ki anwo yo pou mande èd nan ILAP. Si moun nan prizon yon lòt kote, ou ka jwenn resous adisyonèl anba a.
*Sa ka pran 48 èdtan oswa plis pou yon moun ki arete pa ofisyèl imigrasyon parèt nan Zouti lokalizatè ya.
KIJAN M KA JWENN ÈD LEGAL IMIGRASYON POU YON MOUN KE OFISYE IMIGRASYON ARETE/KENBE NAN YON LÒT ETA? ?
Pou jwenn èd legal pou yon moun nan yon kote ILAP pa sèvi, ou ka kontakte:
Pwojè PAIR (pou èd nan Plymouth County Correctional Facility nan Massachusetts oswa Wyatt Detention Facility nan Rhode Island)
New Hampshire Legal Aid (pou èd nan Strafford County Jail ak FCI Berlin):
The Immigration Advocates Network (IAN) National Immigration Legal Services Directory (sèvis legal gratis oswa ki pa chè atravè Etazini)
Rechèch Avoka Asosyasyon Avoka Imigrasyon Ameriken (AILA) (avoka imigrasyon prive)
KI LÒT BAGAY MWEN KA FÈ POU EDE YON MOUN KI NAN DETANSYON IMIGRASYON?
Anplis de mande èd legal, li ka itil pou kòmanse ranmase dokiman ki gen rapò ak moun ki nan prizon lan. Sa ka gen ladan l papye imigrasyon, dokiman ki soti nan nenpòt dosye kriminèl li te gen anvan, ak dokiman idantite tankou yon sètifika nesans (batistè) oswa yon paspò.
KI LÒT RESOUS KI EGZISTE POU EDE REZIDAN MAINE KI AFEKTE PA DETANSYON IMIGRASYON?
Project Relief ME – Yon gwoup èd mityèl ki dirije pa imigran nwa k ap bay sipò ijan, tankou manje, lojman, asistans legal, ak solidarite kominotè.
Maine Solidarity Fund – Yon fon sipò finansye pou imigran ak kominote majinalize, ki gen ladan kosyon, frè legal, ak sipò ijans pou fanmi.
Community Relief Fund (CRF) – Yon efò asistans mityèl ak repons rapid ki dirije pa kominote an ak BIPOC (Nwa, Endijèn ak Moun Koulè) ki ofri sipò finansye pou fanmi ki afekte pa detansyon ICE.
Mainers for Humane Immigration – Bay sipò finansye pou moun ki nan detansyon ICE ak fanmi yo, sa gen ladan depo pou achte bagay nan magazen prizon an, sipò pou lage yo, ak pwogram pou ekri lèt.
Boston Immigration Justice Accompaniment Network (BIJAN) – Ofri sipò pou kosyon imigrasyon pou moun ki gen koneksyon ak Massachusetts, enkli moun ki arete nan Maine, New Hampshire, Vermont, ak Rhode Island.
KI KOTE M KA RAPÒTE YON ARESTASYON ICE OSWA LÒT AKTIVITE POU RANFÒSE LALWA IMIGRASYON NAN MAINE?
Si ou vle rapòte yon arestasyon ICE oswa yon lòt aktivite fòs imigrasyon nan Maine, ou ka kontakte Maine ICE Watch:
Telefòn: 207-544-9989
SOU PÀJ SA A:
Kijan mwen ka mande èd legal pou yon moun ofisyèl imigrasyon kenbe?
Kijan mwen ka konnen ki kote yo kenbe yon moun?
Kijan mwen ka jwenn èd pou yon moun ki nan yon lòt eta?
Ki lòt bagay mwen ka fè pou ede yon moun ki nan detansyon imigrasyon?
Ki lòt resous ki egziste pou ede rezidan Maine ki afekte pa detansyon imigrasyon?
Ki kote mwen ka rapòte yon arestasyon ICE oswa lòt aktivite fòs imigrasyon nan Maine?