Anrejistreman ICE [Kreyòl]

Anrejistreman ak Immigration and Customs Enforcement (ICE) nan biwo South Portland lan ka fèt pa imèl (de preferans) oswa nan telefòn. 

Pou konplete anrejistreman ICE ou a:

Imèl ICE-ERO-POM-Reporting@ice.dhs.gov (PI BON MWAYEN POU RANTRE AN KONTAK AVÈK YO!)

Tout imèl yo dwe ekri an Anglè. Imèl ou a dwe genyen:

  1. Tout non legal ou,

  2. Yon nimewo,

  3. Dat ou fèt,

  4. Adrès kote w ap viv kounya, epi

  5. Nimewo telefòn aktyèl ou ak pou nenpòt timoun piti kap viv avèk ou ki merite anrejistre tou.

Biwo a dwe reponn ou sou 5 jou ouvrab avèk konfimasyon epi nouvo egzijans deklarasyon yo.

OU 

Rele 207-396-5000 (RELE SÈLMAN SI OU PA KA VOYE IMEL)

Fòk nimewo w avèk adrès ou pare lè wap rele. Yo pa gen entèprèt disponib. Si w ap bezwen, tanpri rele avèk yon moun ki pale Anglè.