Maine (pami anpil lòt eta) gentan legalize mariwana medisinal. Nan eta sa yo, li legal tou pou moun gen mariwana nan men yo pou fen rekreyatif, epi itilizasyon, elvaj, ak lavant mariwana legal, tou. Sepandan, marigwana TOUJOU ILEGAL selon lalwa imigrasyon federal. Lalwa eta Maine PA chanje lalwa imigrasyon.

Si ou PA yon sitwayen ameriken ou pa ka posede, itilize, plante, oswa travay nan yon biznis ki vann marigwana nan nenpòt eta!

Si ou pa yon sitwayen ameriken epi yo aprann ou te itilize marigwana, te travay nan yon biznis marigwana, plante marigwana oswa ede yon lòt moun sèvi ak marigwana, ou ka fè fas avek pwoblèm imigrasyon grav. Ou ka menm entèdi pou pa jwenn yon kat vèt (Rezidans) oswa sitwayènte ameriken epi yo ka depòte ou. Sa a se vrè menm si ou pat kondane pou yon krim ak marigwana, menm si li te legal dapre lwa eta a.

Ofisye Imigrasyon yo ak doktè Imigrasyon yo kounye a ap mande imigran yo si yo pa janm itilize, plante, oswa te travay nan marigwana - sitou lè yo soti nan eta tankou Maine, kote marigwana legal.

Kouman pou Pwoteje Tèt ou:

  • PA itilize oswa posede marigwana nan nenpòt fòm jiskaske ou vini yon sitwayen ameriken.

  • PA travay nan magazen marigwana, biznis, oswa yon fèm marigwana

  • PA elve, plante, vann oswa bay marigwana.Si ou gen yon bezwen medikal grav epi pa gen okenn lòt metòd ki ka ranplase marigwana medisinal pou ou, pale ak yon avoka imigrasyon an premye.

  • PA deplase avek marigwana, a kat pou marigwana medisinal, aparèy (tankou yon pip), oswa pwodwi tankou mayo, chapo oubyen etikèt ki gen marigwana sou yo.

  • PA kite foto oswa tèks ki gen rapò ak marigwana sou telefòn ou, Facebook, Instagram, Tik-Tok, Twitter, oswa nenpòt lòt kote.

  • PA pale sou itilizasyon marigwana ak yon ajan imigrasyon fwontyè, oswa doktè imigrasyon, sof si yon avoka mande pou fè sa. Si yon ajan imigrasyon poze w kesyon sou marigwana, di ke ou pa vle pale ak yo epi ou vle pale ak yon avoka. Ou gen dwa rete an silans. Kenbe fèm - yon fwa ou admèt yon bagay, ou pa ka pa ka chanje l . Si ou admèt yon kondwit ki enplike avèk marigwana bay yon ofisye imigrasyon, chèche èd yon avoka byen vit.