Aplike pou azil

Chèche konnen si ou kapab fè demann azil ak ki jan pou ou fè sa nan Etazini san ou pa bezwen avoka.


KISA KI AZIL LA?

Azil se yon fòm pwoteksyon jiridik Gouvènman Etazini an bay moun ki nan Etazini men ki pa sitwayen Etazini epi ki pa ka tounen nan peyi kote yo sòti a. Ou kapab aplike pou azil si:

  • Yo te fè w mal anpil, oswa ou pè yo ka fè w mal anpil, si w retounen nan peyi kote w fèt la;
  • Mal yo te fè w:
    • o Se gouvènman an ki te fè yo oswa yon gwoup moun oswa yon moun gouvènman an pa te mete kontwòl sou li oubyen pa te kapab kontwole EPI
    • o Akòz ras, relijyon, nasyonalite, opinyon politik ou (oubyen yon opinyon politik yon moun ka panse ou genyen), oubyen paske ou se manm “yon gwoup sosyal patikilye.”


KI JAN POU MWEN APLIKE POU AZIL?

Tout moun ki ap aplike pou azil itilize fòmilè aplikasyon azil la (Fòmilè I-589). Kote ou pral voye fòmilè aplikasyon azil ou a pral depann si ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon. Resous ki sou paj sa pral montre ou ki jan pou ou prepare aplikasyon azil ou a.

➔ Si ou pa genyen dosye nan tribinal imigrasyon, w ap bezwen pou ou voye fòmilè aplikasyon azil ou a (Fòmilè I-589) bay U.S. Citizenship and Immigration Services (Sèvis Sitwayènte ak Imigrasyon Peyi Etazini, USCIS).

Sa vle di ou pa sou lis pou yo mete w deyò (pwosesis depòtasyon), otorite imigrasyon pa t arete ou epi/oubyen ou pa oblije ale nan odyans tribinal avan yon jij imigrasyon, epi ou pa genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon.

➔ Si ou genyen dosye nan tribinal imigrasyon, fòk ou depoze fòmilè aplikasyon azil ou a (Fòmilè I-589) nan tribinal ou.

Sa vle di ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon epi demann azil ou a se yon fason pou ou pwoteje tèt ou pou yo pa mete w deyò Etazini oswa depòte ou. Si ou te antre Etazini san viza epi otorite imigrasyon te arete ou epi te ba ou yon papye, ou ka genyen yon dosye nan imigrasyon. Si ou resevwa yon avi konparisyon (Notice to Appear, NTA) oubyen yon lòd pou yo mete w an libète sou angajman, ou ka petèt genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon. Sa yo se jis egzanp. genyen anpil fason moun ka fini pa genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon.


 

KI JAN POU MWEN RANPLI FÒMILÈ APLIKASYON AZIL LA (FÒMILÈ I-589)?

Fòmilè aplikasyon azil la (Fòmilè I-589) rele “Application for Asylum and Withholding of Removal” (Aplikasyon pou Azil ak pou Sispann Demach Depòtasyon).

Anba la se enstriksyon sou ki jan pou ou ranpli Fòmilè I-589 lan.

Fòmilè:

📄 I-589: Aplikasyon pou Azil ak pou Sispann Demach Depòtasyon

Tanpri gade avètisman nan Fòmilè I-589 la sou enpòtans pou di laverite avèk sa ki ka rive si genyen fo deklarasyon tankou yon amann oswa prizon rive jiska 25 lan.


 

KI KALITE PRÈV KI PRAL EDE BAY APLIKASYON MWEN AN JARÈT?

Lè ou bay dokiman pou apiye aplikasyon ou an li ka ede li, men li pa obligatwa. Ou ka bay prèv anplis menm lè ou fin voye aplikasyon ou an ale.

Fòk prèv ou ap bay pou dosye azil ou a ede pwouve ou ranpli kondisyon pou jwenn azil epi sa ki di nan aplikasyon azil ou a se laverite. Li ka dokiman, deklarasyon zanmi ak fanmi, oswa atik nan nouvèl.

Ou kapab ekri tou yon deklarasyon sou tèt ou pou eksplike istwa ou ak poukisa ou kalifye pou ou jwenn azil.

Ou pa dwe janm itilize fo dokiman oubyen dokiman ki fabrike pou dosye sa.


 

KI JAN POU MWEN VOYE APLIKASYON AZIL MWEN AN BAY USCIS?

Anba la se enstriksyon sou jan pou voye aplikasyon azil ou a ale nan USCIS. Si ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon, tanpri gade pati ki vin aprè a.


 

KI JAN POU MWEN VOYE APLIKASYON MWEN AN BAY TRIBINAL IMIGRASYON?

Si ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon, ou ap oblije voye aplikasyon azil ou an nan tribinal imigrasyon ou an.

Anba la se eksplikasyon sou jan pou ou voye aplikasyon azil ou a si ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon Lowell.

Videyo renouvle: Desanm 2020


KI JAN MWEN KA APLIKE POU AZIL NAN TRIBINAL IMIGRASYON SI DOSYE MWEN AN POKO NAN SISTÈM TRIBINAL LAN?

Si ou kwè ou genyen yon dosye nan tribinal imigrasyon, men non ou ak nimewo A pa parèt nan liy dirèk tribinal imigrasyon an oubyen sou sit entènèt tribinal imigrasyon ki bay enfòmasyon sou dosye yo, ou genyen pou w suiv enstriksyon espesyal pou ou ka voye aplikasyon azil ou a. 

Swiv enstriksyon yo sou sitwèb USCIS pou aplike pou azil nan tribinal imigrasyon lè Nimewo A ou a pa nan sistèm tribinal la: https://www.uscis.gov/i-589. Jwenn enstriksyon yo anba seksyon “Where to file/Ki kote pou voye”.


MWEN FÈK CHANJE ADRÈS. KISA MWEN AP GENYEN POU MWEN FÈ?

Paske Gouvènman Etazini an pral voye nouvèl enpòtan ba ou pa lapòs, fòk ou si USCIS ak/oubyen tribinal imigrasyon an konnen adrès postal aktyèl ou a. Li pa ase pou ou al chanje adrès ou a nan biwo lapòs la sèlman!

Aprann ki jan pou ou chanje adrès ou a.


KI JAN MWEN KA PWOTEJE TÈT MWEN KONT FWÒDIMIGRASYON?

Fè anpil atansyon lè ou ap chèche èd ak dosye imigrasyon ou a! Fè atansyon ak moun nan Maine ki ap eseye twonpe ou nan fè komsi yo ka ede ou avèk dosye imigrasyon. Moun sa yo ka vòlè lajan ou epi gate dosye imigrasyon ou an.

Pi bon mwayen pou ou pwoteje tèt ou se chèche genyen enfòmasyon sou sa moun sa yo ap fè epi fè atansyon ak moun ou ap pèmèt ede ou avèk dosye imigrasyon ou.


Se avoka ak tout reprezantan akredite ki te devlope resous ILAP nan paj sila, men yo pa ranplase konsèy jiridik.



EDE NOU AMELYORE!