KONNEN DWA OU

Aprann sou dwa ou nan Etazini ak sou lwa ki konsène ou menm ak fanmi ou.


KISA KI DWA MWEN NAN ETAZINI SI LAPOLIS OSWA YON OFISYE IMIGRASYON KANPE MWEN?

Tout moun nan Etazini genyen yonseri dwa lè lapolis oswa ofisye Imigrasyon kanpe yo. Li pa genyen okenn rapò ak nasyonalite oubyen si ou genyen estati jiridik. 

Ou genyen dwa pou ou fè silans, pou ou pa dakò ak fouy, epi pou ou ale sof si yo arete ou. Si yo arete ou, ou genyen dwa pou ou fè yon apèl epi pale ak yon avoka epi pa reponn kesyon. Ou genyen sa yo ak anpil lòt dwa enpòtan si lapolis oswa ofisye imigrasyon vini lakay ou oubyen nan travay ou, mete ou nan prizon, oubyen mete ou nan prizon imigrasyon.


KI JAN MWEN KA PWOTEJE TÈT MWEN KONT FWÒDIMIGRASYON?

Fè anpil atansyon lè ou ap chèche èd ak dosye imigrasyon ou a! Fè atansyon ak moun nan Maine ki ap eseye twonpe ou nan fè komsi yo ka ede ou avèk dosye imigrasyon. Moun sa yo ka vòlè lajan ou epi gate dosye imigrasyon ou an.

Pi bon mwayen pou ou pwoteje tèt ou se chèche genyen enfòmasyon sou sa moun sa yo ap fè epi fè atansyon ak moun ou ap pèmèt ede ou avèk dosye imigrasyon ou.B

Gid renouvle: Jiyè 2022


ÈSKE MWEN KA POSEDE, ITILIZE, PLANTE, OUBYEN TRAVAY AVÈK MARIWANA SI MWEN PA YON SITWAYEN PEYI ETAZINI?

Non! Maine ak lòt eta legalize mariwana, men mariwana toujou ILEGAL selon lwa imigrasyon Etazini. Si ou pa sitwayen peyi Etazini epi yo jwenn ou te sèvi ak mariwana, ou te travay nan biznis mariwana, plante mariwana oubyen ede lòt moun sèvi ak mariwana, ou ka genyen gwo pwoblèm imigrasyon.

Si ou PA sitwayen peyi Etazini ou pa ka posede, itilize, plante, oubyen travay avèk mariwana nan OKENN eta !

Gid renouvle: Jen 2021


KI JAN AKIZASYON KRIMINEL KA GENYEN KONSEKANS SOU DOSYE IMIGRASYON MWEN AN?

Akizasyon kriminel ka genyen konsekans grav sou dosye imigrasyon ou an. Akizasyon kriminèl ka fè ou gen ris pou yo depòte w. Si ou deja genyen akizasyon kriminèl sou tèt ou, genyen sa ou ka fè pou ou ranfòse dosye imigrasyon ou an. 


ÈSKE MWEN KA VOTE OUBYEN ENSKRI POU VOTE ETAZINI?

Sèlman sitwayen peyi Etazini ka vote oswa enskri pou vote. Sa valab pou eleksyon nan tout Etazini oswa nan eta yo. Dapre lwa imigrasyon an, moun ki pa sitwayen ki enskri pou vote oubyen ki vote ka genyen gwo pwoblèm imigrasyon, depòtasyon ladan l tou. Yo p ap bezwen konnen si sa rive paske ou te enskri oubyen vote pa erè, oubyen se lòt moun ki te di ou pa genyen danje si ou fè sa.


Se avoka ak tout reprezantan akredite ki te devlope resous ILAP nan paj sila, men yo pa ranplase konsèy jiridik.



EDE NOU AMELYORE!